(09:1) Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David. (09:2) M'a fè lwanj ou ak tout kè m', Seyè. M'a rakonte tout bèl mèvèy ou yo. (09:3) Se ou menm k'ap fè m' chante, se ou menm k'ap fè kè m' kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m'a chante lwanj ou. (09:4) Parèt ou parèt, lènmi m' yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri. (09:5) Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m' jistis, ou defann kòz mwen. (09:6) Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan. (09:7) Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò. (09:8) Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l' fè jistis. (09:9) Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri. (09:10) Moun y'ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray. (09:11) Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou. (09:12) Ann fè lwanj Seyè a k'ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè. (09:13) Bondye chonje moun k'ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal. (09:14) Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m' yo mete m'. vin sove m'! Pa kite m' mouri, Seyè, (09:15) pou m' ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m' di yo poukisa m'ap fè lwanj ou. M'ap kontan nèt, paske ou te delivre m'. (09:16) Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li. (09:17) Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo. (09:18) Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou. (09:19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon. (09:20) Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou. (09:21) Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.
Sòm 9
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.