(041:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (041:2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray. (041:3) Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'. (041:4) Seyè a va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Seyè a va ba l' gerizon lè li malad kouche. (041:5) Mwen menm, mwen te di: Seyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou. (041:6) Lènmi m' yo ap pale m' mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l'? (041:7) Moun ki vin wè m' yo, se yon bann ipokrit. Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl. Soti yo soti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou. (041:8) Tout moun ki pa vle wè m' yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m' fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen. (041:9) Y'ap di: Msye kondannen. Kote l' kouche a, nanpwen leve pou li ankò. (041:10) Ata pi bon zanmi m' lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m' lan, ata li menm, li trayi m'. (041:11) Men ou menm, Seyè, gen pitye pou mwen. Mete m' sou de pye m' ankò, pou m' ka ba yo sa yo merite. (041:12) M'a konnen ou kontan avè m' vre si m' wè lènmi m' yo pa banboche sou do m'. (041:13) Wi, w'ap soutni m', paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m' kanpe la devan ou pou tout tan. (041:14) Ann fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!
Sòm 41
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.