(040:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (040:2) Mwen te mete tout espwa m' nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m', li te tande m' lè m' t'ap rele. (040:3) Li rale m' soti nan twou kote m' t'ap peri a, nan gwo ma labou a. Li mete m' sou gwo wòch la, li fè m' kanpe dwat ankò. (040:4) Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m' fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y'a mete konfyans yo nan Seyè a. (040:5) Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, pou moun ki p'ap swiv ni moun k'ap fè awogans yo ni moun k'ap bay manti yo! (040:6) Seyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Seyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo. (040:7) Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche. (040:8) Lè sa a mwen di: -Men mwen, mwen vini, jan sa ekri sou mwen nan liv la. (040:9) Bondye mwen, mwen pran plezi m' nan fè sa ou vle m' fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m' (040:10) Seyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen. (040:11) Mwen pa t' manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pa t' manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou. (040:12) Seyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W'ap toujou pwoteje m', paske ou renmen m'. Ou p'ap janm lage m'. (040:13) Kote m' vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m' yo twòp pou mwen. Mwen pa k'ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouraj mwen. (040:14) Seyè, tanpri, delivre m' non! Prese vin pote m' sekou, Seyè. (040:15) Moun k'ap chache touye m' yo, se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont. (040:16) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo tèlman yo wont. (040:17) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! (040:18) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!
Sòm 40
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.