Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li! Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou. Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li. Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo. Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè. Li fè nwaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo soti kote li sere yo a. Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip. Se li ki te fè anpil mirak ak mèvèy nan peyi Lejip pou pini farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l' yo. Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa: Siyon, wa peyi Amon an, Og, wa peyi Bazan an ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo. Li pran peyi yo, li bay pèp li a, wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete. Seyè, lèzòm ap toujou konnen ki moun ou ye. Yo p'ap janm bliye ou! Seyè a va pran defans pèp li a, l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l' yo. Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo. Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo. Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a! Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li! Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a!
Sòm 135
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.