Non! Lwanj lan pa pou nou, Seyè! Se pa pou nou lwanj lan ye, Seyè! Non! Se pa pou nou! Men, se pou ou menm sèl, paske ou renmen nou, paske ou toujou kenbe pawòl ou! Poukisa moun lòt nasyon yo ap mande: -Kote Bondye nou an? Bondye nou an, se nan syèl la li ye, Li fè sa l' vle. Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè. Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo gen nen, men yo pa ka pran okenn sant. Yo gen men, men yo pa ka manyen anyen. Yo gen pye, men yo pa ka mache. Pa menm yon ti son pa ka soti nan gòj yo. Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo. Nou menm, pèp Izrayèl la, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. Nou menm, prèt Bondye yo, mete konfyans nou nan Seyè a. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, mete konfyans nou nan li. Se li menm k'ap ede nou, se li ki tout pwoteksyon nou. Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo. L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran. Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou. Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou! Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo. Se pa moun mouri k'ap fè lwanj Seyè a. Non! Se pa moun ki desann kote mò yo ye a k'ap fè lwanj li. Men, nou menm ki vivan, n'ap di l' mèsi depi koulye a ak pou tout tan tout tan. Lwanj pou Seyè a!
Sòm 115
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.