Se yon sòm David. Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m' jan pou m' goumen, se li ki pare m' pou m' al nan batay. Se sou li mwen konte, se li ki tout defans mwen. Se li ki sèvi m' ranpa, se li ki tout delivrans mwen, Se li ki pwoteksyon mwen, se anba zèl li mwen kache. Se li ki fè pèp li soumèt devan mwen. Seyè, kisa moun ye pou w'ap fè tèt ou travay pou yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo? Moun tankou lafimen. Lavi yo tankou nwaj k'ap pase. Seyè, bese syèl la, desann. Manyen mòn yo, fè yo fè lafimen. Voye flèch ou yo. Fè lènmi m' yo gaye. Fè yo kouri ak kout zèklè. Rete nan syèl la, lonje men ou pran m'. Rale m' soti nan mitan gwo dlo yo. Delivre m' anba men moun lòt nasyon yo. Bonjou yo pa laverite. Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè. M'ap chante yon kantik tou nèf pou ou, Bondye. M'ap chante, m'ap jwe gita pou ou. Se ou menm ki fè wa yo genyen nan lagè. Se ou ki delivre David, sèvitè ou la. Delivre m' anba bann mechan sa yo ki soti pou touye m', delivre m' anba men moun lòt nasyon yo. Bonjou yo pa laverite. Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè. Se pou pitit gason nou yo tankou jenn plant k'ap pouse. Se pou pitit fi nou yo tankou bèl poto byen travay ki nan tout kwen tanp lan. Se pou galata nou yo plen manje tout kalite, se pou mouton ki nan savann nou yo fè anpil anpil pitit. Se pou bèf nou yo toujou bay rapò, san yo pa fè avòtman, ni pèt. Se pou lènmi pa anvayi peyi a. Pa kite yo depòte nou. Se pou pa gen okenn rèl nan lari nou yo. Ala bon sa bon lè sa mache konsa pou pèp la! Ala bon sa bon pou yon pèp ki gen Seyè a pou Bondye li!
Sòm 144
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.