(022:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou lè chante ki di: Nan granmaten yon fenmèl kabrit. Se yon sòm David. (022:2) Bondye, Bondye m', poukisa ou lage m' konsa? Poukisa ou rete lwen konsa, san pote m' sekou, san koute jan m'ap plenn lan? (022:3) Tout lajounen m'ap rele ou, Bondye mwen, ou pa reponn. Tout lannwit m'ap rele, mwen pa ka dòmi. (022:4) Men, se ou menm ki Bondye, ou chita sou fotèy ki apa pou ou a. Pèp Izrayèl la ap fè lwanj ou. (022:5) Zansèt nou yo te mete konfyans yo nan ou. Yo te fè ou konfyans, ou te sove yo. (022:6) Lè yo te kriye nan pye ou, ou te wete yo nan move pa. Wi, yo te mete konfyans yo nan ou, yo pa t' janm regrèt yo te fè sa. (022:7) Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz. (022:8) Tout moun ki wè m' pase m' nan rizib. Y'ap lonje dwèt sou mwen, y'ap fè siy sou mwen. (022:9) Y'ap di m' konsa: -Jan ou te konte sou Seyè a, poukisa li pa delivre ou? Si Seyè a renmen ou, poukisa li pa ede ou? (022:10) Se ou menm ki te fè m' soti san danje nan vant manman m'. Se ou menm ankò ki te pwoteje m' lè m' te nan tete. (022:11) Depi nan vant manman m', se ou menm k'ap pwoteje m'. Depi anvan mwen te fèt, se ou menm ki Bondye mwen. (022:12) Pa rete lwen m' konsa. Malè prèt pou tonbe sou mwen, mwen pa gen pesonn pou ede m'. (022:13) Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la. (022:14) Yo louvri bouch yo, ou ta di se lyon k'ap gwonde, ki prèt pou dechire mwen. (022:15) Mwen pèdi tout fòs mwen, tankou dlo ki tonbe atè. Tout zo nan kò m' dejwente. Mwen santi kè m' ap kase, tout zantray mwen ap bouyi. (022:16) Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri. (022:17) Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo. (022:18) Tout zo nan kò m' parèt. Y'ap gade m', y'ap veye m'. (022:19) Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an. (022:20) Pa rete lwen m' konsa, Seyè. Ou menm ki tout fòs mwen, prese vin pote m' sekou. (022:21) Pa kite yo touye m' ak kout nepe. Pa kite chen yo devore m'. (022:22) Wete m' nan bouch lyon yo. Delivre m' anba towo savann sa yo. Ou reponn mwen, Seyè! (022:23) M'a di frè m' yo tout sa ou te fè pou mwen. M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm. (022:24) Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li. Nou tout pitit pitit Jakòb yo, chante pou li. Nou tout pèp Izrayèl la, adore li. (022:25) Li pa meprize pòv yo, li pa fèmen je l' sou soufrans yo. Li pa rete lwen yo. Lè yo rele l', li reponn. (022:26) M'a fè lwanj ou pou sa ou fè, nan mitan tout moun yo lè yo reyini. M'a fè sa mwen te pwomèt ou yo, devan tout moun ki gen krentif pou ou yo. (022:27) Pòv yo va manje mezi yo kapab. Moun k'ap chache Seyè a va fè lwanj li. Y'a viv ak kè poze pou tout tan. (022:28) Tout nasyon va chonje sa Seyè a te fè. Toupatou sou latè yo pral tounen vin jwenn li. Moun tout peyi va adore li. (022:29) Se Seyè a ki wa. Se li ki donminen sou tout nasyon. (022:30) Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li. (022:31) Jenerasyon k'ap vini yo va sèvi li. Moun va rakonte istwa Seyè a bay pitit yo. (022:32) Pitit yo menm, lè y'a fè pitit, y'a fè konnen jan Seyè a te delivre yo ansanm ak tou sa li te fè pou yo.
Sòm 22
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.