Se yon sòm David. Seyè, m'ap fè lapriyè m' moute devan ou. Bondye mwen, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Piga ou fè m' wont, pa kite lènmi yo pase m' nan betiz. Wi, moun ki mete konfyans yo nan ou p'ap janm wont. Men, moun ka soti wont yo, se moun k'ap trayi ou pou gremesi. Seyè, fè m' konnen jan ou vle m' viv la! Moutre m' nan ki chemen ou vle pou m' mache a! Moutre m' sa pou m' fè pou m' viv yon jan ki konfòm ak verite ou la, paske se ou menm ki delivrans mwen. Se sou ou mwen konte tout jounen. Seyè, chonje jan ou gen kè sansib, chonje jan ou renmen nou depi nan tan lontan. Pa chonje peche ak fòt mwen te fè lè m' te jenn. Seyè, jan ou renmen m' sa a, jan ou gen bon kè, tanpri, pa bliye m'! Seyè a bon, li pa nan patipri, li moutre moun k'ap fè sa ki mal yo jan pou yo viv. Li pran men moun ki soumèt devan l' yo, li fè yo mache nan bon chemen an, li moutre yo jan li vle pou yo viv la. Moun ki kenbe kontra li fe ak yo a, moun ki obeyi kòmandman l' yo, li fè yo wè jan li renmen yo, jan li p'ap janm lage yo. Seyè, poutèt non ou pote a, padonnen peche m' yo, paske yo anpil. Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran. L'ap toujou gen kè kontan. Pitit li yo va pran peyi a pou yo. Seyè a, se zanmi moun ki gen krentif pou li. Li fè yo konnen kontra li pase ak yo a. Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa. Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs. Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a. Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo. Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen. Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache. Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye. O Bondye, delivre pèp Izrayèl la anba tray l'ap pase yo.
Sòm 25
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.