(055:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman mizik akòd pou yo jwe mizik la. Se yon chante David. (055:2) Bondye, panche zòrèy ou bò kote m'! Koute m' non lè m'ap lapriyè! Piga ou vire do ban mwen lè m'ap rele nan pye ou! (055:3) Pran ka mwen, koute m', reponn mwen non! Kè m' sere, m'ap plenn! (055:4) Mwen boulvèse lè m' tande lènmi m' yo ap pale, lè m' tande mechan yo ap pale byen fò. Yo fè malè tonbe sou mwen. Yo move sou mwen, y'ap pèsekite m'. (055:5) Mwen santi kè m' kase. Sezisman pran m' lè m' wè mwen fin mouri. (055:6) Tout kò m' ap tranble tèlman mwen sezi. (055:7) Mwen di konsa: -Pa pito m' te gen zèl tankou yon toutrèl! Mwen ta vole ale. Mwen ta jwenn kote pou m' pran repo. (055:8) Mwen ta kouri pati ale byen lwen. Mwen t'aval rete pou kont mwen nan dezè a. (055:9) Mwen ta prese jwenn yon kote pou m' kache pou gwo van an, pou gwo lapli a pa fè m' anyen. (055:10) Seyè, mele yo. Fè yonn pa konprann sa lòt ap di. Paske, sa m' wè nan lavil la se chen manje chen, yonn ap goumen ak lòt. (055:11) Lajounen kou lannwit se sa ase ou tande nan lavil la. Anndan lavil la menm, se mechanste, se malfezans. (055:12) Kote ou pase se moun k'ap kraze brize. Nan tout lari se fè moun lenjistis, se twonpe moun. (055:13) Si se te yon moun ki rayi m' ki t'ap pale m' mal, mwen ta reziyen m'. Si se te yon moun ki pa vle wè m' ki te leve dèyè mwen, mwen ta kache kò m' pou l' pa jwenn mwen. (055:14) Men, se ou menm, kanmarad mwen, yon bon zanmi m' ki te konn tout ti zafè m'. (055:15) Nou te konn fè ti koze nou ansanm. Nou te konn al lakay Bondye a ansanm ak foul moun yo. (055:16) Se pou yo rete konsa, yo tonbe yo mouri. Se pou yo desann tou vivan kote mò yo ye a, paske mechanste a kaye lakay yo, li nan fon kè yo. (055:17) Men, mwen rele Seyè a, Bondye mwen; l'a delivre mwen. (055:18) Maten, midi, aswè, m'ap plenyen, m'ap plenn. L'a tande vwa mwen. (055:19) L'a fè m' viv ak kè poze, l'a delivre m' nan batay m'ap mennen ak moun ki leve dèyè m' yo. Yo te mèt anpil. (055:20) Bondye k'ap gouvènen depi tout tan an va koute m', l'a kraze lògèy yo. Paske, yo p'ap janm chanje, yo pa gen krentif pou Bondye. (055:21) Moun ki leve men sou zanmi yo se moun ki trèt. (055:22) Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa. (055:23) Renmèt sò ou nan men Seyè a, l'a kenbe ou fèm. Li p'ap janm kite moun ki mache dwat devan li yo rete atè lè yo tonbe. (055:24) Men ou menm, Bondye, w'ap fè bann ansasen sa yo ak bann vòlè sa yo desann anba tè. Yo p'ap wè mwatye nan lavi yo. Men, mwen menm, se nan ou m'ap mete tout konfyans mwen.
Sòm 55
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.