(049:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (049:2) Nou tout, koute sa byen. Louvri zòrèy nou, nou menm k'ap viv toupatou sou latè, (049:3) gran kou piti, rich kou pòv. (049:4) Mwen pral ban nou bon konsèy. Sa ki nan kè m' se bagay ki gen sans. (049:5) M'ap louvri zòrèy mwen pou m' tande parabòl la. Mwen pral esplike l' ban nou antan m'ap jwe mizik. (049:6) Poukisa pou m' ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m' yo sènen m' toupatou ak move lide nan tèt yo? (049:7) Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen, (049:8) pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo. (049:9) Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt. (049:10) Atò, se pou yo ta viv tout tan san yo pa janm al anba tè? (049:11) Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun. (049:12) Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo. (049:13) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa. (049:14) Se konsa y'ap fini, moun ki mete konfyans yo nan pwòp tèt yo. Se sa ki gen pou rive moun k'ap koute pawòl yo tou. (049:15) Tankou yo mete mouton nan pak, se konsa y'ap mete yo kote mò yo ye a. Yo pral tou dwat nan simityè, se lanmò ki pral pran swen yo. Bèl kou yo bèl, y'ap tounen pousyè. Se kote mò yo ye a y'ap rete. (049:16) Men, Bondye ap delivre mwen, l'ap wete m' anba pouvwa lanmò. (049:17) Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li. (049:18) Lè l' mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè. (049:19) Li te mèt kontan jan l' t'ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l' ap mache byen, (049:20) yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò. (049:21) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa.
Sòm 49
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.