Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li. Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li. Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò. Paske, pawòl Seyè a se verite. Li fè tout bagay jan l' te di l' la. Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè. Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt. Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa. Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li. Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt. Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè. Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt. Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la! Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun. Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a. Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè. Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo. Pa mete nan tèt ou yon chwal ka fè ou genyen batay la. Bon kou l' bon, li pa ka sove pesonn. Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo. L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a. Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou. Se li ki fè kè nou kontan. Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa. Tanpri, Seyè, toujou fè nou favè, menm jan nou menm nou mete tout espwa nou nan ou.
Sòm 33
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.