(076:1) Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman akòd pou yo jwe mizik la. Sòm Asaf sa a, se yon chante li ye. (076:2) Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl. (076:3) Li gen kay li lavil Salèm, li rete sou mòn Siyon. (076:4) Se la li te kase flèch yo, se la li te kase zam yo gen pou defann yo, ak zam yo gen pou atake. Wi, li kase tout zam moun sèvi pou fè lagè. (076:5) Gade jan ou gen pouvwa, Bondye! Gade jan w'ap mache tèt wo, lè w'ap desann soti nan mòn kote ou te kraze lènmi ou yo! (076:6) Sòlda ki te gen anpil kouraj nan lagè pèdi tout zafè yo. Koulye a y'ap dòmi nèt, yo mouri. Pa gen yonn nan vanyan gason sa yo ki te ka defann tèt yo. (076:7) Aa, Bondye Jakòb! Depi ou fè va sou yo, ni kavalye ni chwal, yo tout yo tonbe, yo mouri frèt. (076:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè? (076:9) Ou rete nan syèl la, ou fè konnen jan w'ap jije. Tout moun ki sou latè rete dousman tèlman yo pè, (076:10) lè Bondye leve pou bay santans li, pou l' delivre tout malere y'ap peze sou tè a. (076:11) Menm lè lèzòm an kòlè, sa sèvi yon lwanj pou ou. Moun ou sove anba lanmò va fè fèt pou ou. (076:12) Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la. (076:13) Li kraze lògèy chèf yo, li fè wa latè yo respekte l'.
Sòm 76
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.