Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo. Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe, paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz. Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra. Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen. Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun. Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo. Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun. Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans. Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo. Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen? Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches. Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè? Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen. Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo. Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen, jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini. Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini. Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè. Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa. Lè sa a, mwen santi m' dekouraje; sa te fè m' mal anpil. Mwen te sòt, mwen pa t' konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou. Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m' pou m' pa tonbe. Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou. Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m' sou latè. Kò m' te mèt ap deperi, lespri m' te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen. Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w'ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou. Mwen menm, sa bon nèt pou m' rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M'a fè konnen tou sa li fè.
Sòm 73
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.