(020:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (020:2) Se pou Seyè a reponn ou lè ou anba tray. Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou. (020:3) Se pou l' rete lakay li pou l' voye ede ou. Se pou l' rete sou mòn Siyon an pou l' soutni ou. (020:4) Se pou l' chonje tou sa ou ofri ba li, pou l' kontan tou bèt ou fè touye pou li. (020:5) Se pou l' ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l' fè tou sa ou gen lide fè rive vre. (020:6) Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Seyè a ba ou tou sa ou mande l'. (020:7) Koulye a, mwen konnen Seyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l' genyen batay la avèk gwo pouvwa li. (020:8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou. (020:9) Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm. (020:10) Seyè, fè wa a genyen batay la non! Reponn nou non, lè n'ap rele ou!
Sòm 20
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.