(058:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. (058:2) Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri? (058:3) Non! Okontrè! Se move lide ase ki nan kè nou. N'ap plede fè mechanste nan tout peyi a. (058:4) Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt. (058:5) Yo gen yon pwazon nan bouch yo, tankou pwazon sèpan. Yo pa pran priyè, yo tankou sèpan aspik, (058:6) ki fèmen zòrèy yo pou yo pa tande vwa moun k'ap chante pou fè yo dòmi, menm lè moun yo gen bèl bèl vwa. (058:7) Bondye, tanpri, kase dan nan bouch yo! Kase kwòk dan jenn lyon yo, Seyè! (058:8) Se pou yo disparèt tankou dlo lavalas k'ap koule desann. Se pou moun kraze yo anba pye tankou zèb sou granchemen. (058:9) Se pou yo fonn tankou mantèg nan solèy. Se pou yo pa janm wè solèy tankou tibebe ki fèt tou mouri. (058:10) Anvan menm yo konnen sa k'ap rive yo, se pou yo boule tankou raje. Bondye ap fè kòlè, l'ap rache yo pandan yo tou vivan. (058:11) Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo. (058:12) Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè.
Sòm 58
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.