(077:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. (077:2) Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen. (077:3) Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon. (077:4) Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje! (077:5) Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale. (077:6) M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo. (077:7) Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di: (077:8-)Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò? (077:9) Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò? (077:10) Eske Bondye bliye gen pitye? Eske lè li ankòlè li pa pran priyè? (077:11) Apre sa mwen di: Men sak fè m' pi mal ankò! Gen lè Bondye ki anwo nan syèl la pa menm jan an ankò? (077:12) Seyè, m'a rakonte gwo bagay ou te fè yo, paske mwen chonje bèl mèvèy ou te fè nan tan lontan. (077:13) M'ap kalkile tout sa ou te fè yo, m'ap egzaminen tout gwo bagay estwòdenè ou te fè yo! (077:14) Tout sa ou fè, Bondye, se bagay apa! Nan tout bondye yo, nanpwen ki gen pouvwa tankou ou! (077:15) Ou se Bondye ki fè mèvèy. Ou fè nasyon yo wè pouvwa ou. (077:16) Avèk fòs ponyèt ou ou te delivre pèp ou a, pitit pitit Jakòb yo ak pitit pitit Jozèf yo. (077:17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble. (077:18) Nwaj yo pran vide gwo lapli, kout loraj pran woule nan nwaj yo, kout zèklè fè yanyan nan tout syèl la. (077:19) Bri loraj la pran woule nan syèl la. Kout zèklè klere toupatou. Tè a soti pè, li pran tranble. (077:20) Ou louvri yon chemen pou ou nan mitan lanmè a. Ou pase nan mitan gwo lanmè fon fon an. Men pesonn pa ka wè mak pye kote ou pase. (077:21) Ou pran Moyiz ak Arawon, ou fè yo mennen pèp ou a tankou yon bann mouton y'ap mennen.
Sòm 77
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.