(059:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè Sayil te voye moun veye kay li pou touye l'. (059:2) Delivre m' anba lènmi m' yo, Bondye mwen! Pwoteje m' pou moun k'ap leve dèyè m' yo pa jwenn mwen! (059:3) Delivre m' anba malveyan yo! Sove m' anba ansasen sa yo! (059:4) Yo mete anbiskad pou yo touye m'. Yon bann ansasen ap fè konplo sou do mwen, san m' pa fè anyen ki mal, san m' pa fè okenn fòt, Seyè. (059:5) Malgre mwen inonsan, y'ap kouri, y'ap pare tann mwen! Leve non! vin bò kote mwen! Gade yo! (059:6) Ou menm, Seyè, Bondye, ou menm ki chèf lame zanj yo, ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, leve non! vin pini moun lòt nasyon yo! Se pou ou san pitye pou bann mechan sa yo k'ap trayi ou! (059:7) Chak swa, yo tounen. Yo mache nan tout lavil la, y'ap jape tankou chen. (059:8) Tande sa y'ap di! Tande jan y'ap pale! Lang nan bouch yo, ou ta di se yon ponya! Y'ap di: Pa gen moun k'ap tande nou! (059:9) Men ou menm, Seyè, ou pase yo nan rizib! Ou pase tout nasyon yo nan jwèt. (059:10) Se ou ki tout defans mwen, se sou ou mwen konte. Bondye, se bò kote ou mwen jwenn pwoteksyon. (059:11) Bondye mwen, w'ap vin kanpe bò kote m', paske ou renmen m'. W'ap fè m' wè jan moun k'ap pèsekite m' yo ap fini mal. (059:12) Pa touye yo pou moun pa m' yo ka chonje! Avèk pouvwa ou, fè yo pa konn sa y'ap fè, fè yo tonbe. Seyè, se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. (059:13) Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo. (059:14) Lè ou an kòlè, fini ak yo. Fini ak yo nèt, fè yo disparèt. Fè tout moun konnen se Bondye k'ap gouvènen nan peyi Jakòb la. Se li k'ap gouvènen toupatou sou latè. (059:15) Chak swa, yo tounen. Y'ap jape tankou chen, y'ap mache nan tout lavil la. (059:16) Y'ap moute desann, y'ap chache manje. Y'ap plenn paske yo pa jwenn ase pou plen vant yo. (059:17) Men mwen menm, m'ap chante pou m' di jan ou gen pouvwa. Chak maten m'a fè lwanj ou pou m' di jan ou pa janm sispann renmen nou. Paske, se ou ki tout defans mwen, se bò kote ou mwen te jwenn pwoteksyon lè m' te anba tray. (059:18) Wi, m'ap fè lwanj ou, ou menm ki tout defans mwen. Se bò kot Bondye mwen jwenn pwoteksyon, bò kot Bondye ki renmen m' lan.
Sòm 59
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.