Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m'a fè konnen jan ou gen pouvwa. M'ap di ou mèsi tout tan tout tan. Chak jou m'ap di ou mèsi. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan. Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa! Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y'a rakonte tout bèl bagay ou fè yo. M'a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M'a fè konnen bèl mèvèy ou yo. Y'a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M'a rakonte jan ou gen fòs. Y'a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y'a chante pou ou, paske ou pa nan patipri. Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p'ap janm sispann renmen nou! Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè. Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi! Y'a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y'a fè konnen jan ou gen pouvwa, pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite. Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè. L'ap soutni tout moun k'ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj. Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje. Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen. Seyè a san patipri nan tou sa l'ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l'ap fè. Seyè a kanpe toupre moun k'ap rele l', toupre tout moun k'ap rele l' ak tout kè yo. L'ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y'ap rele l', l'ap delivre yo. L'ap pwoteje tout moun ki renmen l'. Men, l'ap detwi tout mechan yo. M'a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l' tout tan tout tan.
Sòm 145
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.