Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou! Se pou pèp Izrayèl la di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! Se pou prèt k'ap sèvi Bondye yo di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! Se pou tout moun ki gen krentif pou Bondye di: -Wi, li p'ap janm sispann renmen nou! Nan tray mwen te ye a, mwen rele Seyè a, li reponn mwen, li delivre m'. Seyè a pou mwen, mwen pa pè anyen. Kisa moun ka fè m'? Se Seyè a k'ap ede mwen. Se konsa m'ap kanpe gade moun ki rayi m' yo. Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' mete konfyans li nan moun. Pito yon moun chache pwoteksyon anba zèl Seyè a pase pou l' konte sou chèf. Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. Yo te sènen m', yo te kwense m'. Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. Yo te kouvri m' tankou myèl. Men, yo mouri tankou dife nan pay. Avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt. Yo te ban m' yon bourad pou fè m' tonbe. Men, Seyè a te pote m' sekou. Se Seyè a ki tout fòs mwen, se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m'. Tande jan moun k'ap mache dwat devan Bondye yo ap rele anndan lakay yo, sitèlman yo kontan! Yo genyen batay la, yo delivre. Seyè a fè bèl bagay avèk pouvwa li. Pouvwa Seyè a se yon pakèt afè. Seyè a fè bèl bagay ak pouvwa li. Non, mwen p'ap mouri. M'a viv! M'a rakonte sa Seyè a fè pou mwen. Li te pini m' byen pini. Men, li pa t' touye m'. Louvri pòt kay Bondye ki fè m' jistis la pou m' antre, pou m' di Seyè a mèsi. Men pòt kay Seyè a! Se moun ki mache dwat devan l' sèlman ki ka pase ladan l'. Seyè, m'ap di ou mèsi paske ou te koute m', paske se ou menm ki delivre m'. Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Seyè a menm! Se bèl bagay pou nou wè sa! Ala yon bèl jounen Seyè a ban nou! Ann pase jounen an ap fè fèt, ann fè kè nou kontan! Aa! Seyè! Tanpri, delivre nou! Tanpri, fè nou reyisi nan tou sa n'ap fè! Benediksyon pou moun ki vini nan non Seyè a! Nou menm ki nan kay Seyè a, n'ap beni nou. Seyè a se Bondye li ye. Li wete nou nan fènwa kote nou te ye a. Avèk branch bwa nan men nou, ranje nou pou nou fè tout tou lotèl la. Se ou ki Bondye mwen, m'ap di ou mèsi. Bondye mwen, m'ap di jan ou gen pouvwa! Fè lwanj Seyè a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou!
Sòm 118
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.