(069:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon sòm David. (069:2) Delivre m' non, Bondye. Dlo prèt pou neye mwen. (069:3) M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen. (069:4) Mwen bouke rele, mwen pa kapab ankò. Gòj mwen ap fè mwen mal. Je m' yo ap boule m' sitèlman m'ap veye tann sekou Bondye mwen an. (069:5) Gen yon bann moun ki rayi m' san m' pa fè yo anyen. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Gen yon seri moun ki rete konsa yo fè m' lènmi, yo pi fò pase m', y'ap chache touye mwen. Yo fè m' renmèt sa m' pa pran. (069:6) Bondye, mwen pa kapab kache peche m' yo devan ou. Ou konnen jan m' te aji tankou moun fou. (069:7) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa kite m' tounen yon wont pou moun ki mete konfyans yo nan ou. Ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la, pa kite m' fè moun k'ap sèvi ou yo wont. (069:8) Se poutèt ou y'ap joure m' konsa. Wi, se poutèt ou lawont fè m' kache figi m'. (069:9) Mwen tounen yon etranje pou pwòp frè m' yo, yon moun deyò pou pwòp pitit manman m' yo. (069:10) Mwen sitèlman renmen kay ou a, sa fè m' santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Tout joure y'ap joure ou yo, se tankou si se mwen menm menm yo t'ap joure. (069:11) Mwen nan gwo lapenn, mwen rete san manje. Se poutèt sa wi y'ap joure m' konsa. (069:12) Si m' mete yon rad sak sou mwen pou m' mande ou padon, y'ap pase m' nan rizib. (069:13) Yo chita bò pòtay lavil la, y'ap pale sou mwen, bwèsonyè yo ap fè chante sou mwen. (069:14) Men mwen menm, se ou menm m'ap toujou lapriyè. Reponn mwen, Bondye, lè w'a wè l' nesesè, paske ou gen bon kè, paske w'ap toujou pote m' sekou. (069:15) Wete m' nan ma labou sa a. Pa kite m' desann pi fon ladan li. Delivre m' anba lènmi m' yo. Wete m' nan gwo basen byen fon an. (069:16) Pa kite dlo yo kouvri tèt mwen ankò. Pa kite m' neye nan gwo lantonwa a. Pa kite bouch twou a fèmen sou mwen. (069:17) Reponn mwen, Seyè, paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Voye je ou gade mwen, paske ou gen kè sansib. (069:18) Pa vire do ou bay sèvitè ou. Prese vin reponn mwen, paske mwen nan gwo traka. (069:19) vin jwenn mwen, vin delivre mwen. Wete m' nan men lènmi mwen yo. (069:20) Ou konnen jan y'ap joure mwen, jan y'ap fè m' wont, jan y'ap trennen m' nan labou. Ou wè tout moun k'ap pèsekite m' yo. (069:21) Yo di m' gwomo jouk yo kraze kouraj mwen. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Mwen te kwè ta gen moun ki ta gen pitye pou mwen, men pesonn pa vini. Mwen te kwè ta gen moun ki ta vin konsole m', pesonn pa parèt. (069:22) Yo mete pwazon nan manje mwen. Lè m' mande dlo pou m' bwè, se vinèg yo ban mwen. (069:23) Se pou resepsyon y'ap fè yo tounen yon pèlen pou yo. Lè yo konprann zafè yo pi bon, se lè sa a pou malè tonbe sou yo. (069:24) Se pou je yo bouche pou yo pa wè menm! Kase ren yo pou yo pa ka kanpe dwat ankò! (069:25) Mete ou an kòlè sou yo! Fè yo santi jan ou fache sou yo! (069:26) Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò. (069:27) Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a. (069:28) Kite yo mete sou sa yo fè deja. Se pou ou san pitye pou yo. (069:29) Efase non yo nan liv ki gen non moun ki gen lavi a. Pa mete non yo ak non moun k'ap sèvi ou yo. (069:30) Mwen nan gwo lapenn, m'ap soufri. Bondye, pote m' sekou. Mete m' sou de pye m' ankò. (069:31) M'a chante pou Bondye, m'a fè lwanj li. M'a di l' mèsi, m'a fè konnen jan li gen pouvwa. (069:32) Sa va fè Seyè a plezi pi plis pase si m' ta ofri l' yon bèf, pase si m' ta ba li yon jenn towo bèf ki fin fè kòn. (069:33) Lè malere yo va wè sa, y'a kontan. Se va yon gwo ankourajman pou moun k'ap sèvi Bondye yo. (069:34) Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon. (069:35) Se pou syèl la ansanm ak latè a, lanmè a ansanm ak tout sa ki ladan li fè lwanj Bondye. (069:36) L'a delivre peyi Siyon. L'a rebati lavil peyi Jida yo. Pèp li va bati kay yo la ankò. Y'a pran tè a pou yo. (069:37) Pitit pitit sèvitè l' yo va eritye peyi a. Se la moun ki renmen l' yo va viv.
Sòm 69
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.