(065:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, se yon chante. (065:2) Bondye, ou merite vre pou yo fè lwanj ou sou Mòn Siyon, se pou yo ba ou sa yo te pwomèt ou a. (065:3) Paske ou tande lè y'ap lapriyè ou. Tout moun ap vin nan pye ou, (065:4) pou rekonèt peche yo. Peche nou yo twòp pou nou. Men, w'ap efase yo. (065:5) Ala bon sa bon pou moun ou menm ou chwazi, pou moun ou menm ou rele bò kote ou! L'ap rete anndan lakay ou! N'ap plen vant nou ak bon bagay ki gen lakay ou, ak benediksyon ki nan kay ki apa pou ou a. (065:6) Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou. (065:7) Avèk fòs ou, ou mete mòn yo kanpe nan plas yo. Ou fè wè jan ou gen anpil pouvwa. (065:8) Ou kase lanmè a lè l' move. Ou fè lanm lanmè yo sispann fè bri. Ou fè pèp yo rete trankil lè yo move. (065:9) Moun ki rete nan dènye bout latè a pran tranble lè yo wè bèl bagay ou fè yo. Depi sou bò solèy leve jouk sou bò solèy kouche ou fè moun rele sitèlman yo kontan. (065:10) Ou moutre jan ou pran swen latè: Ou voye lapli pou wouze l'. Ou fè l' donnen anpil. Larivyè Bondye toujou plen dlo. Ou pare yon bèl rekòt mayi. Men ki jan ou pran swen tè a: (065:11) Ou mete dlo nan kannal pou wouze jaden yo. Ou kase bit tè yo. Ou voye gwo lapli pou tè a bwè kont dlo li. Ou fè grenn yo jèmen. (065:12) Ala yon bèl rekòt ou ban nou lè lanne a fini! Tout kote ou pase gen abondans an kantite! (065:13) Jaden ki nan dezè a jwenn kont dlo yo. Ti mòn yo kontan. (065:14) Jaden yo plen zannimo. Jaden mayi kouvri tout fon yo. Fon yo kontan, y'ap chante sitèlman yo kontan.
Sòm 65
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.