(018:1) Pou chèf sanba yo. Se chante sa a David, sèvitè Seyè a, te chante pou Bondye lè Bondye te delivre l' anba Sayil ansanm ak tout lòt lènmi l' yo. (018:2) Ala renmen mwen renmen ou, Seyè! Se ou menm ki tout fòs mwen. (018:3) Se ou menm ki twou wòch kote m' kache a. Se ou menm ki sèvi m' ranpa. Se ou menm ki delivre m'. Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m'. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k'ap sove m'. Se anba zèl ou mwen jwenn kote pou m' kache. (018:4) Mwen rele Seyè a: Li delivre m' anba lènmi m' yo. Lwanj pou Seyè a! (018:5) Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen. (018:6) Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m' vire, mwen wè lanmò devan m'. (018:7) Nan mizè mwen te ye a, mwen rele nan pye Seyè a. Mwen mande Bondye m' lan sekou. Kote l' chita lakay li a, li tande vwa mwen, rèl mwen rive jouk nan zòrèy li. (018:8) Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Mòn yo pran tranble jouk nan rasin yo. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te ankòlè! (018:9) Lafimen t'ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t'ap soti nan bouch li. (018:10) Li bese syèl la, li desann avè yon gwo nwaj nwa anba pye li. (018:11) Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale. (018:12) Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l' toupatou. (018:13) Anpil lagrèl ak anpil chabon dife t'ap soti nan gwo limyè ki t'ap klere devan l' lan. (018:14) Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li. (018:15) Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m' yo. Li fè yo tout kouri ak kout zèklè. (018:16) Lè ou ankòlè, Seyè, van yo soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa moun wè fon lanmè a, fondasyon tè a parèt aklè. (018:17) Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l', li pran m'. Li rale m' soti nan gwo dlo yo kote m' te ye a. (018:18) Li delivre m' anba gwo lènmi m' yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m' epi ki te pi fò pase m'. (018:19) Lè m' te nan tray, yo pwofite atake m'. Men, Seyè a te soutni m'. (018:20) Li wete m' nan move pa a. Li delivre m' paske li renmen mwen. (018:21) Seyè a ban m' rekonpans mwen, paske li wè m' mache dwat devan li. Li ban m' benediksyon, paske li wè mwen inonsan. (018:22) Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa vire do bay Bondye m' lan pou m' fè sa ki mal. (018:23) Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo. (018:24) Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m' pou m' pa fè sa ki mal. (018:25) Se konsa li ban m' rekonpans mwen, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan. (018:26) Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo. Ou bon ak moun ki bon. (018:27) Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen. (018:28) Ou delivre moun ki soumèt devan ou, men ou desann moun ki konprann yo pa kanmarad pesonn. (018:29) Seyè, ou se limyè mwen, ou se Bondye mwen. Se ou ki wete m' nan fènwa kote m' te ye a. (018:30) Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m' yo ki ame jouk nan dan. Avèk ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans. (018:31) Bondye oo! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou. (018:32) Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki pran defans nou si se pa Bondye nou an? (018:33) Se Bondye ki ban m' fòs, li fè m' mennen yon vi san repwòch. (018:34) Li asire pye m' tankou pye kabrit. Li fè m' mache sou mòn yo, san m' pa tonbe. (018:35) Li moutre m' jan pou m' goumen. Li ban m' fòs pou m' sèvi ak pi gwo banza ki genyen. (018:36) Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m'. Se ou ki delivre m'. Si m' kapab leve kanpe, se paske ou renmen m'. Pouvwa ou pa kite m' tonbe. (018:37) Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye. (018:38) Mwen kouri dèyè lènmi m' yo, mwen jwenn yo. Mwen pa tounen jouk tan mwen pa fin kraze yo nèt. (018:39) Mwen jete yo atè, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m' sou kou yo. (018:40) Ou ban m' kont fòs pou batay la. Ou fè lènmi m' yo mande m' padon. (018:41) Ou fè lènmi m' yo kouri devan m'. Mwen disparèt tout moun ki rayi m' yo. (018:42) Y'ap rele, y'ap mande sekou. Men, pa gen moun ki ka delivre yo! Y'ap rele Seyè a, men li pa reponn yo. (018:43) Mwen kraze yo, yo tout tounen pousyè van pote yo ale. Mwen mache sou yo tankou sou labou nan lari. (018:44) Ou delivre m' anba pèp rebèl sa a. Ou mete m' chèf pou m' gouvènen sou tout nasyon yo. Pèp mwen pa t' janm konnen, se yo menm k'ap sèvi m'. (018:45) Moun lòt peyi yo ap flate m'. Kou yo tande vwa m', yo obeyi: (018:46) Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y'ap tranble kou fèy bwa. (018:47) Viv Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre mwen! Ann fè konnen jan li gen pouvwa! (018:48) Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen. (018:49) Li sove m' anba lènmi m' yo. Li wete m' anba men moun ki t'ap konbat mwen yo. Ou delivre m' anba ansasen yo. (018:50) Se poutèt sa, Seyè, m'a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. M'a chante pou fè lwanj ou. (018:51) Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li te chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.
Sòm 18
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.