(038:1) Se yon sòm David. Pou Bondye pa bliye nou. (038:2) Seyè, pa pini m' lè ou fache! Pa kale m' lè ou an kòlè! (038:3) Ou bat mwen jouk ou blese m'. Ou kale m' byen kale. (038:4) Ou te fache anpil, se sa ki fè pa gen yon pati nan kò m' ki pa malad. Mwen te peche, se sa ki fè tout zo nan kò m' ap fè m' mal. (038:5) Peche m' yo fè pil, yo kouvri tèt mwen. Y'ap kraze m' tankou yon chay ki twò lou pou mwen. (038:6) Malenng mwen yo santi, y'ap koule paske mwen te viv tankou moun fou. (038:7) Mwen kagou, ren m' kase nèt. Tout lajounen m'ap mache tèt bese, dlo nan je. (038:8) Mwen gen yon lafyèb cho sou mwen. Mwen santi mwen malad nan tout kò m' (038:9) Mwen san fòs, tout zo nan kò m' kraze. Kè m' sere, m'ap plenn sitèlman m'ap soufri. (038:10) Seyè, ou konnen tou sa mwen ta renmen. Ou wè jan m'ap soufri. (038:11) Kè m' ap bat anpil, mwen pa kapab sipòte ankò! Ata je m', mwen pa ka louvri yo! (038:12) Tout zanmi m', tout vwazinaj kanpe lwen mwen, tout fanmi m' rete lwen mwen poutèt malenng mwen an. (038:13) Moun ki ta renmen wè m' mouri yo tann pèlen pou mwen. Moun ki ta renmen wè malè rive m' yo ap plede di yon bann move pawòl sou mwen. Tout lajounen, y'ap fè konplo sou mwen. (038:14) Mwen menm, mwen tankou yon moun ki soudè, mwen pa tande. Mwen tankou yon moun ki bèbè, mwen pa pale. (038:15) Wi, mwen pa louvri bouch mwen reponn yo paske mwen tankou yon moun ki pa tande sa y'ap di a. (038:16) Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen, se ou menm ki va reponn pou mwen, o Seyè, Bondye mwen. (038:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape. (038:18) Mwen prèt pou m' tonbe. Doulè a pi rèd sou mwen. (038:19) Mwen rekonèt mechanste mwen fè. Kè m' sere lè m' wè sa m' fè. (038:20) Lènmi m' yo gwonèg, yo anpil. Se yon bann moun ki rete konsa yo pa vle wè m'. (038:21) Moun sa yo rann mwen mal pou byen, yo leve kont mwen, paske m'ap chache fè byen. (038:22) Pa lage m' Seyè! Bondye mwen, pa rale kò ou dèyè! (038:23) Prese vin pote m' sekou, Seyè, ou menm ki delivrans mwen.
Sòm 38
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.