(080:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (080:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la. (080:3) Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou. (080:4) Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre. (080:5) Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w'a rete fache sou pèp ou k'ap lapriyè nan pye ou? (080:6) Ou ba yo dlo k'ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k'ap soti nan je yo pou yo bwè. (080:7) Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib. (080:8) Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre. (080:9) Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l' nan plas yo. (080:10) Ou pare yon moso tè kote pou l' te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a. (080:11) Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo. (080:12) Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat. (080:13) Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k'ap pase vin vòlè rezen li yo? (080:14) Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo. (080:15) Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non! (080:16) vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a. (080:17) Lènmi nou yo mete dife ladan l', yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y'a peri! (080:18) Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a! (080:19) Nou p'ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N'a fè lwanj ou! (080:20) Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre!
Sòm 80
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.