Seyè, se nan ou mwen mete tout konfyans mwen! Pa janm kite m' wont! Ou se yon jij ki pa nan patipri. Tanpri, sove m' non, delivre mwen. Panche zòrèy ou bò kote m'. Pote m' sekou! Se ou menm ki twou wòch kote pou m' kache. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa ki pou sove mwen. Se ou menm k'ap pwoteje mwen. Se ou menm k'ap pran defans mwen. Bondye mwen, wete m' anba men mechan yo, anba ponyèt moun k'ap bay manti yo ak moun k'ap fè mechanste yo. Seyè, se ou menm ki tout espwa mwen. Mwen mete konfyans mwen nan ou depi lè m' te jenn gason. Se sou ou mwen konte depi m' fèt. Se ou ki fè m' soti nan vant manman m'. Se tout tan m'ap fè lwanj ou. Lavi m' se yon mistè pou anpil moun. Men, se ou menm k'ap pwoteje m' ak tout fòs ou. Tout lajounen lwanj ou nan bouch mwen. M'ap fè konnen jan ou gen pouvwa. Koulye a mwen fin granmoun, tanpri pa voye m' jete. Koulye a mwen fin pèdi fòs, pa lage m'. Lènmi m' yo ap pale m' mal. Yo mete tèt yo ansanm, yo dèyè pou yo touye m'. Y'ap plede di: -Bondye lage l'. Kouri dèyè l', kenbe l', paske pa gen moun pou delivre l'. Bondye, pa rete lwen mwen. Bondye mwen, prese vin pote m' sekou. Se pou moun k'ap atake m' yo wont, se pou yo disparèt. Wi, se pou yo wont, se pou moun pase yo nan rizib, moun sa yo ki te vle wè malè rive mwen. M'ap toujou mete espwa mwen sou ou. M'ap fè lwanj ou tout tan tout tan. M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann. Seyè, Bondye, m'a rakonte bagay ou fè avèk pouvwa ou. M'a fè chonje jan ou fè lèzòm gras. Se ou menm sèlman ki ka fè bagay konsa. Bondye, depi lè m' te jenn gason w'ap aprann mwen anpil bagay. Jouk koulye a m'ap rakonte bèl bagay ou fè yo. Koulye a mwen fin vye granmoun, tout cheve nan tèt mwen fin blan. Tanpri, Bondye, pa lage m'. Kanpe la avè m' pou m' ka fè moun k'ap viv koulye a konnen jan ou gen fòs, pou m' ka fè tout moun ki gen pou vin apre yo konnen jan ou vanyan, jan jistis ou rive jouk nan syèl la. Bondye, ou fè bèl bagay. Pa gen tankou ou! Ou voye traka ak soufrans ban nou. Men se ou k'ap ban nou lavi ankò. W'ap rale nou soti nan bouch twou a. W'ap fè m' pi grannèg pase jan m' te ye a. W'ap konsole m' ankò. Se vre wi, m'a fè lwanj ou avèk kout gita. M'a fè lwanj ou, Bondye mwen, paske w'ap toujou kenbe pawòl ou. M'a chante, m'a jwe mizik sou gita mwen pou Bondye pèp Izrayèl la. M'a chante pou ou. M'a rele sitèlman mwen kontan. M'a chante ak tout kè m' paske ou te delivre m'. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou pa nan patipri, paske moun ki te vle wè malè rive m' yo gen pou yo wont. Yo p'ap konn sa pou yo fè.
Sòm 71
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.