Pou chèf sanba yo. Chante sa a se yon sòm li ye. Nou tout ki rete sou latè, rele ak kè kontan pou Bondye! Fe fèt pou fè lwanj Bondye! Chante pouvwa Bondye! Fè gwo fèt pou fè lwanj li! Di Bondye: -Sa ou fè yo se bagay ki pou fè moun respekte ou. Ou sitèlman gen pouvwa, lènmi ou yo ap flate ou. Tout moun ki rete sou latè ap adore ou. Y'ap chante pou ou, y'ap chante pou sa ou fè. Vini non! Al gade sa Bondye fè! Li fè bagay ki pou fè moun sou latè respekte li. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk: Zansèt nou yo travèse rivyè a san pye yo pa mouye. Ann fè kè nou kontan pou sa li te fè! Avèk fòs kouraj li l'ap dominen pou tout tan. L'ap gade tout sa nasyon yo ap fè. Si gen moun ki vle fè rebèl, pito yo pa leve tèt yo? Nou menm pèp yo, di Bondye mèsi! Fè tout moun tande jan n'ap fè lwanj li! Se li menm ki ban nou lavi. Li pa kite pye nou glise. Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray. Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou. Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou. M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a. M'a kenbe pawòl mwen te di lè m' te nan tray la. M'a ofri mouton byen gra pou yo boule pou ou sou lotèl la, ansanm ak odè vyann y'ap boukannen pou ou. Wi, m'a ofri ou towo bèf ak bouk kabrit. vin koute non, nou tout ki gen krentif pou Bondye. M'a di nou sa Bondye fè pou mwen. Mwen rele nan pye l', mwen te deja pare pou m' te fè lwanj li. Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la. Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè. Lwanj pou Bondye! Mèsi Bondye! Ou pa t' kite m' lapriyè pou gremesi. Ou pa t' refize fè m' wè jan ou gen bon kè.
Sòm 66
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.