Lwanj pou Seyè a! Sa bon nèt pou nou chante pou Seyè a. Sa bon nèt pou nou fè lwanj Seyè a. Wi, li merite l' vre! Seyè a ap rebati lavil Jerizalèm. L'ap fè moun Izrayèl ki te gaye nan mitan lòt nasyon yo tounen lakay yo. L'ap bay moun ki nan gwo lapenn yo kouraj. L'ap geri moun ki blese yo. Li konte konbe zetwal ki genyen! Li konnen non yo chak. Seyè nou an gen pouvwa. Li gen anpil fòs. Konesans li pa gen limit. Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè. Chante yon chante pou Seyè a pou nou di l' mèsi. Fè mizik pou Bondye nou an ak gita. Se li ki kouvri syèl la ak nwaj yo. Se li ki pare lapli pou tè a. Se li ki fè zèb pouse sou mòn yo. Li bay bèt yo manje, li bay ti kònèy yo manje lè yo rele. Li pa pran plezi l' nan chwal ki gen fòs, ni se pa kouraj moun ki fè kè l' kontan. Moun ki fè kè l' kontan, se moun ki gen krentif pou li, se moun ki mete tout espwa yo nan li, paske yo konnen li renmen yo. Nou menm, moun lavil Jerizalèm, fè lwanj Seyè a! Nou menm, moun mòn Siyon, fè lwanj Bondye nou an! Li fè pòt kay nou yo vin pi solid. Li voye benediksyon sou pitit nou yo nan mitan nou. L'ap veye fwontyè peyi a pou pa gen lagè! L'ap plen vant nou ak bon kalite manje. Li pase yon lòd: lòd la kouri byen vit toupatou sou latè. Li fè lanèj tonbe kouvri latè tankou koton. Li fè lawouze tounen ti moso glas sou tout pyebwa. Li voye lagrèl tankou gravye. Ki moun ki ka sipòte fredi li voye? Li pase yon lòd, li fè yo tout fonn. Li fè van soufle, dlo pran koule toupatou. Li fè pitit Jakòb yo konnen pawòl li. li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside. Li pa aji konsa ak okenn lòt nasyon. Li pa fè yo konnen sa l' deside fè. Lwanj pou Seyè a!
Sòm 147
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.