(051:1) Pou chèf sanba yo. Se David ki te ekri sòm sa a (051:2) lè pwofèt Natan te vin pale avè l' aprè adiltè li te fè avèk Batcheba. (051:3) Gen pitye pou mwen, Bondye. Jan ou gen bon kè sa a! Tanpri, efase tou sa mwen fè ki mal, paske ou gen kè sansib. (051:4) Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan. (051:5) Mwen rekonèt sa m' fè a pa bon. Se tout tan peche m' lan devan je m'. (051:6) Se kont ou menm menm mwen peche-pa kont lòt moun. Mwen fè bagay ou pa dakò pou moun fè. Se sak fè ou gen rezon lè ou kondannen yon moun. Moun pa ka fè ou okenn repwòch lè ou fin jije. (051:7) Wi, depi m' fèt, mwen fèt ak peche nan kè m'. Depi nan vant manman m', mwen gen peche nan kè m'. (051:8) Men, ou vle pou yon moun sensè nan tou sa l'ap fè. Tanpri, fè m' konprann tout bagay non! (051:9) Wete peche m' lan avèk yon branch izòp, konsa m'a nan kondisyon pou m' fè sèvis pou ou. Lave m', m'a pi blan pase koton. (051:10) Fè m' tande pawòl ki pou fè kè m' kontan an, pawòl ki pou fè m' chante a. Wi, ou te kraze tout zo nan kò m', men w'a fè kè m' kontan ankò. (051:11) Wete peche mwen yo devan je ou. Efase tout fòt mwen fè yo. (051:12) O Bondye, pa kite okenn move lide nan kè m'. Mete bon lide nan tèt mwen, pou m' sa kenbe fèm. (051:13) Pa voye m' jete. Pa wete lespri ou te ban mwen an. (051:14) Sove m'. Fè kè m' kontan ankò. Ban m' bon lide ki pou fè m' toujou obeyisan. (051:15) Lè sa a, m'a moutre moun k'ap fè peche yo tout kòmandman ou yo, pou yo sa tounen vin jwenn ou. (051:16) Pa kite yo tire revanj sou mwen, Bondye, se ou k'ap sove lavi m'. N'a fè konnen jan ou gen bon kè. (051:17) Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m' ka fè lwanj ou. (051:18) Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y'ap boule ofri ba ou yo. (051:19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li. (051:20) O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo. (051:21) Se lè sa a w'a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y'ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y'a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a.
Sòm 51
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.