(031:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (031:2) Seyè, m'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! Pa janm kite m' pran wont ankò. Ou se yon Bondye ki pa nan patipri. Tanpri, delivre mwen. (031:3) Panche zòrèy ou bò kote m', prese vin delivre mwen. Se ou menm ki twou wòch kote m' ka jwenn pwoteksyon. Se ou menm ki pou sèvi m' ranpa. Se ou menm ki pou delivre m'. (031:4) Se ou ki tout pwoteksyon mwen, tout defans mwen. Tanpri, dirije m', kondi m' poutèt non ou pote a. (031:5) Pa kite m' tonbe nan pèlen yo tann pou mwen an. Se ou menm k'ap pwoteje m'. (031:6) Mwen renmèt lespri mwen nan men ou. W'a delivre m', Seyè, paske ou se yon Bondye ki kenbe pawòl li. (031:7) Ou rayi moun k'ap adore zidòl. Pou mwen menm, tout konfyans mwen se nan ou li ye. (031:8) M'ap kontan, m'ap fè fèt, paske ou renmen m'. Ou wè jan m'ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye. (031:9) Ou pa kite lènmi m' yo mete men sou mwen, ou mete m' yon kote pou anyen pa rive m'. (031:10) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen anba tray. Figi m' fin rale, mwen kagou. Kò m' ap fin deperi afòs mwen gen lapenn. (031:11) Mwen pase tout lavi m' ap soufri, se tout tan m'ap plenn. Mwen santi m'ap febli paske mwen fè twòp move bagay. Tout zo nan kò m' ap fè m' mal. (031:12) Tout lènmi m' yo ap pase m' nan rizib. Vwazen m' yo ap pase m' nan betiz. Tout moun ki konnen m' yo pè m'. Lè yo wè m' nan lari, yo kouri pou mwen. (031:13) Tout moun gen tan bliye m', tankou si m' te mouri deja. Mwen tankou yon vye bagay yo voye jete. (031:14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m' mal. Kote m' pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m', y'ap fè konplo pou yo touye m'. (031:15) Men, Seyè, se nan ou mwen mete tou konfyans mwen. Se ou ki Bondye mwen. (031:16) Lavi m' nan men ou. Delivre m' anba lènmi m' yo, anba moun k'ap pèsekite m' yo. (031:17) Se sèvi m'ap sèvi ou, tanpri, fè m' santi ou la avèk mwen. Delivre m', paske ou renmen m'. (031:18) M'ap rele ou, Seyè. Pa kite m' pran wont. Se mechan yo ki pou wont. Se pou yo mouri san di krik. (031:19) Se pou yo rete san pale, moun sa yo k'ap bay manti, tout moun sa yo k'ap fè grandizè yo, k'ap fè awogans, k'ap pale mal sou moun k'ap mache dwat devan Bondye yo. (031:20) Ala bon yo bon, bagay ou kenbe an rezèv pou moun ki gen krentif pou ou! Ala bèl yo bèl, bagay ou fè devan tout moun, lè w'ap pwoteje moun k'ap chache pwoteksyon anba zèl ou! (031:21) Ou kenbe yo la devan je ou, pou ou ka pwoteje yo anba moun k'ap pèsekite yo. Ou kache yo lakay ou pou yo pa fini ak yo anba kout lang. (031:22) Lwanj pou Seyè a! Ala bèl bagay li fè pou l' moutre jan l' renmen mwen, lè m' te anba tray, lè yo te sènen m' toupatou a! (031:23) Mwen te pè, mwen t'ap di nan kè m': -Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Men, ou te tande rèl mwen, lè m' t'ap mande ou sekou. (031:24) Nou tout k'ap sèvi Seyè a, se pou nou renmen l'. Wi, Seyè a pwoteje tout moun ki kenbe fèm nan li. Men, se pa ti pini l'ap pini moun k'ap vante tèt yo. (031:25) Nou tout ki met espwa nou nan Seyè a, pran kouraj, kenbe fèm.
Sòm 31
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.