(081:1) Pou chèf sanba yo. Se sou lè chante yo chante lè y'ap kraze rezen. Se yon sòm Asaf. (081:2) Chante ak kè kontan pou Bondye ki tout defans nou! Fè fèt pou Bondye Jakòb la! (081:3) Konmanse chante a. Bat tanbouren yo! Jwe bèl mizik sou gita ak bandjo yo. (081:4) Kònen twonpèt pou anonse fèt la, lè lalin lan nouvèl, ak lè li plenn! (081:5) Se yon lwa nan peyi Izrayèl, se yon lòd Bondye Jakòb la bay! (081:6) Bondye te fè sa tounen yon lwa pou pitit pitit Jozèf yo lè li te fè yo soti nan peyi Lejip la. Mwen tande yon vwa mwen pa rekonèt ki di m' konsa: (081:7-)Se mwen ki te wete gwo chay lou ki te sou zepòl nou an. Se mwen ki te fè nou mete panyen yo atè. (081:8) Lè nou te anba tray, nou te rele m', mwen te delivre nou. Mwen reponn nou nan loraj kote m' te kache a. Mwen te vle wè sou ki pye nou ye avè m', lè nou te bò sous dlo Meriba a. (081:9) Koute m' non lè m'ap avèti nou, pèp mwen! Pèp Izrayèl, poukisa nou pa vle koute m'! (081:10) Piga nou janm sèvi lòt bondye, piga nou janm adore bondye lòt nasyon yo! (081:11) Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Se mwen menm ki te fè nou kite peyi Lejip la. Louvri bouch nou, m'a plen l' ak pawòl mwen! (081:12) Men, pèp mwen an pa koute m'. Pèp Izrayèl la pa obeyi m'. (081:13) Lè m' wè sa, mwen kite yo swiv lide yo te gen nan tèt yo, mwen kite yo fè tou sa yo te vle fè. (081:14) Ayayay! Si pèp mwen an te vle koute m'. Si pèp Izrayèl la te vle obeyi mwen! (081:15) Anvan yo ta bat je yo, mwen ta fè lènmi yo wont, mwen ta kraze tout lènmi yo. (081:16) Moun ki rayi Seyè a ta vin flate yo. Pèp Izrayèl la t'ap alèz pou tout tan. (081:17) Mwen ta ba yo pi bon kalite manje pou yo manje. Mwen ta plen vant yo ak bon siwo myèl ki soti nan twou wòch!
Sòm 81
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.