Se yon lapriyè David. Seyè, koute kòz mwen lè m' gen rezon! Pran ka m', lè m'ap rele nan pye ou! Koute m' non, lè m'ap lapriyè ou, paske mwen p'ap bay manti. Se ou menm ki pral fè m' jistis, paske ou wè kote jistis la ye. Ou mèt sonde kè m', ou mèt vin wè m' nan mitan lannwit, ou mèt egzaminen m' tout jan, ou p'ap jwenn okenn move lide nan kè m'. Pawòl ki nan bouch mwen, se li ki nan kè m'. Mwen pa fè tankou lòt yo. Mwen obeyi kòmandman ou yo. Mwen pa fè tankou moun k'ap maltrete frè parèy yo. Se nan chemen ou yo mwen toujou mache. Se yo menm mwen swiv nèt ale. M'ap rele ou, Bondye, paske ou reponn mwen. Tanpri, panche zòrèy ou bò kote m', koute sa m'ap di ou: Fè moun wè jan ou gen bon kè, ou menm ki delivre moun y'ap pèsekite yo, lè yo vin chache pwoteksyon bò kote ou. Pwoteje m' tankou grenn je ou. Kache m' anba zèl ou. Wete m' anba men mechan k'ap maltrete m' yo. Lènmi m' yo soti pou yo touye m', yo sènen m' toupatou. Yo san zantray. Yo awogan lè y'ap pale. Kote m' fè, yo fann dèyè m'. Yo fin sènen m' nèt. Y'ap chache okazyon pou yo mete m' atè. Yo tankou lyon, yo pa konn sa yo ta bay pou yo devore m'. Yo tankou jenn ti lyon, yo rete nan kachèt yo, y'ap veye m'. Leve non, Seyè. Mache pran lènmi m' yo. Fese yo atè. Rale nepe ou, delivre m' anba men mechan yo. Sove m' anba moun alekile yo avèk fòs ponyèt ou. Tout byen yo se byen latè. Ou pran nan richès ou yo, ou ba yo tou sa yo bezwen. Pitit yo pa manke anyen. Yo kite rès pou pitit pitit yo. Men pou mwen menm, m'ap parèt devan ou, paske mwen inonsan. Lè m'a leve, m'ap kontan nèt ale, paske w'ap toujou la avèk mwen.
Sòm 17
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.