Mwen renmen Seyè a, paske li tande mwen, li koute lapriyè mwen. Li te panche zòrèy li bò kote m' chak fwa mwen rele l'. Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn. Lè m' wè sa, mwen rele Seyè a. Mwen di li: -Tanpri, Seyè, delivre m' non! Seyè a gen kè sansib, li pa gen patipri. Bondye nou an gen bon kè. Seyè a pwoteje moun ki san sekou. Lè mwen te nan malè, se li ki te sove mwen. Mwen mèt rete kè poze, paske Seyè a te bon pou mwen. Seyè, ou delivre m' anba lanmò. Ou fè m' sispann kriye. Ou pa kite m' bite. Se konsa m'a mache devan Seyè a, nan peyi moun vivan yo. Mwen te kenbe konfyans mwen fèm nan Seyè a, menm lè m' t'ap di: -Malè pa manke tonbe sou mwen! menm nan tèt chaje mwen te ye a, lè m' t'ap di: -Ou pa ka fè pesonn konfyans! Kisa m'a fè pou Seyè a, pou tout byen li fè pou mwen yo? M'a ofri yon bwason bay Seyè a, paske li delivre m'. M'a rele l' pou m' di l' mèsi. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, m'a fè sa m' te pwomèt li a. Sa fè Seyè a lapenn anpil lè li wè yonn nan moun k'ap sèvi l' yo mouri! Seyè, mwen se yonn nan sèvitè ou yo. Mwen se pitit manman m' ki te toujou sèvi ou. Se ou ki te kase kòd ki te mare m' yo. M'ap ofri bèt pou yo touye bay Seyè a, m'ap rele l' pou m' di l' mèsi. -(we vèsè pwochen) Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, nan mitan kay li a, nan mitan lavil Jerizalèm m'a fè sa m' te pwomèt li a. Lwanj pou Seyè a!
Sòm 116
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.