(034:1) Yon jou David te pran pòz moun fou li devan Abimelèk, pou Abimelèk te kite l' ale. Se aprè sa David ekri sòm sa a. (034:2) Se tout tan m'ap di Seyè a mesi, mwen p'ap janm sispann fè lwanj li. (034:3) M'ap fè lwanj li pou sa li te fè. Se pou tout moun ki anba tray tande sa pou yo ka fè kè yo kontan. (034:4) Mete tèt nou ansanm avè m' pou fè konnen jan Seyè a gen pouvwa. Ann fè lwanj li ansanm! (034:5) Mwen te kriye nan pye Seyè a, li te reponn mwen. Li delivre m' anba tout sa ki t'ap fè m' pè yo. (034:6) Lè nou vire je nou gade l', sa fè kè nou kontan. Nou p'ap janm wont. (034:7) Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray. (034:8) Zanj Seyè a kanpe bò kote tout moun ki gen krentif pou li, pou pwoteje yo. Li delivre yo lè yo nan danje. (034:9) Goute, n'a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li! (034:10) Nou tout pèp Seyè a, se pou nou gen krentif pou li, paske moun ki gen krentif pou li p'ap janm manke anyen. (034:11) Moun rich konn manke manje, yo konn rete grangou. Men, moun k'ap chache fè volonte Seyè a p'ap manke anyen. (034:12) Vini non, timoun mwen yo, koute sa m'ap di nou. M'a fè nou konnen ki jan pou nou gen krentif pou Seyè a. (034:13) Ki moun ki ta renmen jwi lavi? Ki moun ki ta renmen viv lontan ak kè kontan? (034:14) Se moun ki pa lage kò yo nan pale moun mal ni nan bay manti. (034:15) Sispann fè sa ki mal. Fè sa ki byen! Chache jan pou nou viv byen ak moun. Fè tou sa nou kapab pou nou viv byen ak tout moun. (034:16) Seyè a ap veye moun ki mache dwat devan l' yo. L'ap koute yo lè y'ap rele nan pye l'. (034:17) Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo. (034:18) Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray. (034:19) Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. (034:20) Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo. (034:21) L'ap pwoteje l' nèt ale. Pa yon ti zo nan kò l' p'ap kraze. (034:22) Malè gen pou fini ak mechan yo. Moun ki pa vle wè moun k'ap mache dwat yo gen pou yo tonbe anba chatiman. (034:23) Seyè a ap delivre moun k'ap sèvi l' yo, li p'ap kondannen okenn moun ki chache pwoteksyon bò kote l'.
Sòm 34
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.