Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba! Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete. Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale. Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou. Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'. Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo. Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò. Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo. Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò. Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo. Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo. Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo. Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou. Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje, pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs. Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen. Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo. Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo. Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche. Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò. Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje. Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo. Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche. Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè. Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti. Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'. Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen. Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo. Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a. Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi. Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè. Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen. M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la. Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan. Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a!
Sòm 104
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.