(030:1) Kantik pou fèt Benediksyon Tanp lan. Se yon sòm David. (030:2) M'ap fè lwanj ou, Seyè, paske ou mete m' sou de pye m' ankò, paske ou pa bay lènmi m' yo chans pou yo pase m' nan rizib. (030:3) Seyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen. (030:4) Ou rale m' soti nan bouch twou a. Ou ban m' lavi ankò, ou pa kite m' mouri. (030:5) Nou tout ki renmen Seyè a, fè lwanj li! Chonje sa l' te fè. Li pa tankou tout moun. Di l' mèsi. (030:6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l' pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l' jou, kè nou kontan. (030:7) Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'. (030:8) Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase. (030:9) Mwen te kriye nan pye ou, Seyè. Mwen te mande ou sekou. (030:10) Si ou kite yo touye m', sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m' ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou? (030:11) Koute m' non, Seyè! Gen pitye pou mwen! Seyè, pote m' sekou! (030:12) Ou siye dlo nan je m', ou fè kè m' kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m' yon bèl rad mete sou mwen pou m' fè fèt. (030:13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Seyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.
Sòm 30
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.