(068:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Se yon chante. (068:2) Lè Bondye kanpe, lènmi l' yo gaye, moun ki rayi l' yo kouri lè l' parèt. (068:3) Menm jan lafimen disparèt nan lè a, se konsa w'ap disparèt yo. Menm jan lasi fonn nan dife, se konsa mechan yo gen pou yo mouri devan Bondye. (068:4) Men moun ki mache dwat yo ap kontan, y'ap fè fèt devan Bondye. Y'ap kontan anpil anpil. (068:5) Chante pou Bondye, fè fèt pou li. Louvri chemen nan laplenn lan bay moun k'ap vini an. Se Seyè ki non li. Fè kè nou kontan lè li parèt devan nou. (068:6) Bondye rete nan kay ki apa pou li a, li sèvi papa pou timoun ki san papa yo, li pwoteje vèv yo. (068:7) Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon. (068:8) O Bondye, lè ou t'ap mache alatèt pèp ou a, lè ou t'ap travèse dezè a, (068:9) tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la. (068:10) Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li. (068:11) Pèp ou a moute kay li nan peyi ou pare pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè. (068:12) Seyè a bay lòd, epi yon bann fanm pran gaye nouvèl la: (068:13-)Wa yo kouri, yo kouri ansanm ak tout lame yo. Moun yo te kite pou veye kay separe tout sa lènmi yo kite dèyè. (068:14) Lè nou rete kouche nan pak mouton yo zèl pijon an klere tankou ajan. Plimaj li jòn tankou lò. (068:15) Lè Bondye ki gen tout pouvwa a te gaye wa yo nan peyi a, li te fè lanèj kouvri mòn Salmon. (068:16) Ala yon gwo mòn ki wo se mòn Bazan! Se yon mòn ki gen anpil tèt, mòn Bazan an! (068:17) Poukisa, ou menm mòn ki gen anpil tèt la, w'ap fè jalouzi pou mòn Bondye chwazi pou fè kay pou l' rete a? Se la Seyè a ap rete pou tout tan. (068:18) Seyè a gen anpil cha! Li moute sou yo. Li soti mòn Sinayi pou li al kote ki apa pou li a. (068:19) Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo. (068:20) Ann fè lwanj Seyè a chak jou! Li pote chay nou pou nou: Se li ki Bondye nou, se li ki delivre nou. (068:21) Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a. (068:22) Bondye gen pou l' kraze tèt lènmi li yo. Wi, li gen pou l' kraze zo bwa tèt moun k'ap viv nan peche. (068:23) Seyè di: -M'ap fè lènmi yo tounen soti nan peyi Bazan. M'ap fè yo tounen soti nan fon lanmè a. (068:24) pou ou ka mache nan san yo, pou chen ou yo ka jwenn pa yo nan lènmi ou yo. (068:25) Bondye, tout moun wè jan y'ap fè fèt pou ou. Yo wè ki jan Bondye mwen an, wa mwen an, ap mache antre kote ki apa pou li a. (068:26) Moun k'ap chante ap mache devan, mizisyen yo dèyè. Jenn fi yo nan mitan, y'ap bat tanbouren. (068:27) Fè lwanj Bondye nan mitan pèp la lè l' reyini. Fè lwanj li, nou tout pitit pitit Izrayèl yo! (068:28) Benjamen, ki pi piti a, vin alatèt yo. Apre li, vini chèf peyi Jida yo ak lame yo. Apre yo, vini chèf peyi Zabilon ak chèf peyi Neftali yo. (068:29) Bondye, fè wè pouvwa ou non! Wi, fè wè pouvwa ou te sèvi pou nou an! (068:30) Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou. (068:31) Fè bèt ki rete anba wozo yo pè, fè bann towo bèf ak jenn ti towo yo pè tou, jouk y'a vin soumèt devan ou, jouk y'a vin ofri ajan ba ou. Wi, moun sa yo ki renmen batay, gaye yo! Fè yo kouri! (068:32) Grannèg ap soti nan peyi Lejip, moun peyi Letiopi ap louvri bra yo pou lapriyè Bondye. (068:33) Nou menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye! Chante pou fè lwanj Seyè a, (068:34) pou Bondye k'ap kouri chwal li nan syèl la, nan syèl ki la depi lontan lontan an. Tande jan l'ap rele, jan l'ap rele byen fò. (068:35) L'ap di: -Rekonèt jan Bondye gen pouvwa! L'ap dominen sou pèp Izrayèl la. Syèl la fè nou konnen jan li gen pouvwa. (068:36) Bondye chita kote ki apa pou li a, li fè tout moun respekte l'. Bondye pèp Izrayèl la bay pèp li a fòs ak kouraj. Di Bondye mèsi!
Sòm 68
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.