(057:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David te ekri lè li te al kache nan gwòt la pou Sayil ki t'ap kouri dèyè l'. (057:2) Gen pitye pou mwen, Bondye! -Gen pitye pou mwen! Paske, se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon. Se anba zèl ou m'ap kache jouk lè danje a fin pase. (057:3) M'ap kriye nan pye Bondye ki anwo nan syèl la, nan pye Bondye ki fè anpil byen pou mwen an. (057:4) L'ap rete nan syèl la, l'ap delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo. Bondye va fè m' wè jan li renmen mwen, jan li toujou kenbe pawòl li. (057:5) Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file. (057:6) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè! (057:7) Lènmi m' yo tann yon pèlen sou wout kote pou m' pase a. Kè m' sere anpil. Yo fouye yon twou sou wout mwen. Men, se yo menm ki tonbe ladan li. (057:8) Bondye, mwen pare, wi, mwen pare. Mwen pral chante, mwen pral fè lwanj ou. (057:9) M'ap souke kò mwen, m'ap leve. M'ap pran gita mwen, m'ap pran bandjo mwen. Mwen pral fè solèy leve! (057:10) Seyè, m'a fè lwanj ou nan mitan pèp yo! M'a chante pou ou nan mitan tout nasyon yo! (057:11) Ou renmen nou anpil anpil, ou toujou kenbe pawòl ou. (057:12) Bondye, fè wè nan syèl la jan ou gen pouvwa non! Fè wè pouvwa ou sou tout latè!
Sòm 57
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.