(036:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (036:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye. (036:3) Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo. (036:4) Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko. (036:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal. (036:6) Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou. (036:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo. (036:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon. (036:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo. (036:10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè! (036:11) Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou! (036:12) Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri. (036:13) Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!
Sòm 36
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.