(060:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl flè savann blan yo. Se yon chante David te fè pou moutre moun anpil bagay. (060:2) Li te ekri l' lè li t'ap fè lagè ak moun Aram yo ki te soti nan peyi Naarayen ak peyi Soba. Sa te rive aprè Joab te tounen nan batay la pou l' te touye douz mil (012.000) moun peyi Edon nan Fon Sèl la. (060:3) Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò! (060:4) Ou fè peyi a tranble, ou mete l' tèt anba. Mete l' sou de pye l' ankò, paske li prèt pou tonbe nèt. (060:5) Ou kite pèp ou a pase anba kont tray li. Ou ba li bwè yon bweson ki fè tèt li vire. (060:6) Ou bay moun ki gen krentif pou ou yo yon drapo, pou lè batay la yo jwenn kote pou yo kache. (060:7) Delivre nou ak pouvwa ou. Reponn nou lè nou lapriyè nan pye ou, pou moun ou renmen anpil yo ka jwenn delivrans. (060:8) Bondye rete kote ki apa pou li a, li di: -Mwen kontan anpil. Mwen pral separe lavil Sichèm. Mwen pral fè apantaj Fon Soukòt. (060:9) Peyi Galarad, se pou mwen li ye. Peyi Manase tou. M'ap fè peyi Efrayim tounen yon kas pou pwoteje tèt mwen. Peyi Jida, se baton kòmandman mwen li ye. (060:10) Men m'ap fè peyi Moab sèvi m' kivèt pou m' fè twalèt mwen. M'ap poze men m' sou peyi Edon. Peyi Filisti a menm, m'ap mache pran li. (060:11) Ki moun ki pou mennen m' nan lavil ki byen gade a? Ki moun ki pou mennen m' lavil Edon? (060:12) Eske se pa ou menm, Bondye, ki pou fè sa pou mwen, ou menm ki te vire do ban nou, ou menm ki pa soti ansanm ak lame nou yo ankò? (060:13) Tanpri, ede nou goumen kont lènmi nou yo, paske sekou lèzòm se pawòl nan bouch. (060:14) Avèk Bondye bò kote nou, n'a fè bèl bagay nan lagè. Se li menm k'ap kraze lènmi nou yo anba pye l'.
Sòm 60
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.