Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble? Lè mechan yo ap mache sou mwen, lè lènmi m' yo ap chache touye m', se yo menm k'ap bite, se yo menm k'ap tonbe. Menm si tout yon lame ta sènen m' toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè m' lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye. Mwen mande Seyè a yon bagay, yon bagay mwen anvi anpil anpil: Se pou m' ta pase tout lavi m' nan kay Seyè a, pou m' ka gade bèl bagay li yo byen, pou m' ka pran tan m' pou m' kalkile nan kay ki apa pou li a. Jou malè tonbe sou mwen, l'a pwoteje m' lakay li. L'a kache m' byen fon nan tanp li a. L'a leve m' mete yon kote pou anyen pa rive m'. Se konsa m'ap genyen batay la sou tout lènmi k'ap sènen m' yo. M'a bat tanbou, m'a ofri bèt pou touye bay Bondye nan tanp li a. M'a chante, m'a fè lwanj Seyè a. Seyè, tande m' non lè m'ap rele ou! Gen pitye pou mwen, reponn mwen non! Ou pale nan kè m', ou di m' vin jwenn ou. M'ap vin jwenn ou, Seyè. Pa vire do ban mwen. Pa fache, pa repouse moun k'ap sèvi ou la. Se ou ki tout sekou mwen. Pa kite m' pou kont mwen, pa lage m'. Papa m' ak manman m' te mèt lage m', Seyè a va ranmase mwen. Seyè, moutre m' jan ou vle m' viv la. Fè m' mache nan chemen ki pa gen move pa a, paske mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'. Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti. Mwen menm, mwen sèten m'a viv pou m' wè jan Bondye sèvi byen ak pèp li a. Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!
Sòm 27
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.