Lwanj pou Seyè a! Nou menm ki rete anwo nan syèl la, fè lwanj Seyè a! Fè lwanj li anwo nan syèl la! Se pou nou tout zanj li yo fè lwanj li. Se pou nou tout lame ki nan syèl la fè lwanj li. Solèy ak lalin, fè lwanj li! Zetwal k'ap klere nan syèl la, fè lwanj li! Se pou yo fè lwanj li anwo nèt nan syèl la. Se pou tout dlo ki pi wo pase syèl la fè lwanj li. Se pou yo tout fè lwanj Seyè a! Paske, li annik pase yon lòd, epi tout bagay fèt. Li mete yo chak nan plas yo pou tout tan. Li ba yo yon lòd, yo pa ka pa obeyi l'. Se pou tout bagay ki sou latè fè lwanj li: gwo bèt lanmè ansanm ak fon lanmè a, dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè, gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo, tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl. Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm, jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun. Se pou nou tout fè lwanj Seyè a, paske li gen yon non ki pi gwo pase tout lòt non. Pouvwa li pi wo pase syèl la ak latè a. Li rebay pèp li a fòs ankò. Sa te yon lwanj pou tout moun k'ap sèvi l' yo, pou pitit Izrayèl yo, pou pèp li renmen anpil la. Lwanj pou Seyè a!
Sòm 148
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.