(085:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. (085:2) Seyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen! (085:3) Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo. (085:4) Ou pa t' fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo! (085:5) Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò! (085:6) Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò? (085:7) Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou? (085:8) Seyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non! (085:9) M'ap koute sa Seyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l' fèm yo, li pwomèt pou l' fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò. (085:10) Wi, li pare pou l' delivre moun ki gen krentif pou li, pou l' fè yo santi pouvwa li, pou l' toujou la avèk yo. (085:11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pesonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pesonn p'ap fè lòt lenjistis ankò! (085:12) Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri. (085:13) Seyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt. (085:14) Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.
Sòm 85
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.