(048:1) Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. (048:2) Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a. (048:3) Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a. (048:4) Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache. (048:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan. (048:6) Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè. (048:7) Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche, (048:8) tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè. (048:9) Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la. (048:10) Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye. (048:11) Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis. (048:12) Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis. (048:13) Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen. (048:14) Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen (048:15) se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.
Sòm 48
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.