Lè sa a, Bildad, moun peyi Chwa a, pran lapawòl, li di konsa: -Kilè w'a sispann pale jan w'ap pale a? Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch! Bondye pa nan lenjistis. Bondye ki gen tout pouvwa a ap toujou fè sa ki dwat. Si pitit ou yo te dezobeyi lòd li yo, li fè yo peye sa yo fè a. Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a. Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen. Tou sa ou te gen anvan an p'ap anyen devan sa Bondye pral ba ou a. Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan. Gade sa ki te rive zansèt nou yo. Nou menm, nou se moun ayè. Nou pa konn anyen. Se pase n'ap pase sou tè a. Men, granmoun tan lontan yo va moutre ou anpil bagay. Y'a pale avè ou. Tande sa y'ap di ou. Se nan marekay ou jwenn jon. Wozo pa pouse kote ki pa gen dlo. Nan tan chechrès, li te mèt tou piti, tou vèt, lè lesèk tonbe, anvan menm yo koupe l', premye zèb ki fennen se li menm. Se menm bagay la tou pou moun ki bliye si gen Bondye. Moun ki vire do bay Bondye p'ap jwenn sa y'ap tann lan. Konfyans yo pa chita sou anyen. Se tankou si y'ap apiye sou bwa pouri. Si yo panche sou li, li ale. Si yo kenbe l' fò, y'ap blayi atè ansanm avè l'. Mechan yo pouse tankou move zèb nan solèy. Yo pran tout jaden an pou yo. Rasin yo mache nan mitan tout fant wòch yo. Se la yo jwenn sa yo bezwen pou yo viv. Rache ou rache yo pa gen moun ki pou konnen kote yo te ye a. Talè konsa, l'ap pouri bò chemen an. Se lòt k'ap pouse nan plas li. Non, monchè! Bondye pa janm lage moun ki kenbe pye l' fèm. Ni li pa janm lonje men l' pou l' soutni mechan yo. L'a fè kè ou kontan ankò, bouch ou pral chante bèl chante pou li. Men, l'ap fè moun ki pa vle wè ou yo wont. Fanmi mechan yo va disparèt.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.