Yon jou tout zanj Bondye yo te reyini devan Seyè a, Satan vini tou nan mitan yo. Seyè a mande l': -Kote ou soti? Satan reponn: -Mwen sot moute desann toupatou sou latè, mwen t'ap pwonmennen gade. Seyè a di Satan konsa: -Eske ou te wè Jòb, sèvitè m' lan? Pa gen tankou l' sou tout latè. Se yon nonm san repwòch ki mache dwat nan tou sa l'ap fè. Li gen krentif pou Bondye, li toujou ap chache fè sa ki byen. Se koulye a li kenbe m'. Ou wè se pou gremesi ou t'ap pouse m' pou m' te fini avè l'. Satan reponn li: -Lavi miyò pase byen! Yon moun va bay tou sa li genyen pou l' pa mouri. Men, si ou manyen kò pa l' menm, ou mèt sèten fwa sa a, l'ap di sa li pa t' dwe di sou ou nan figi ou. Seyè a di Satan konsa: -Ou mèt fè sa ou vle avè l'. Men, pa touye l' pou mwen. Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li. Lè sa a, Jòb soti, li al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kò l'. Madanm li di l' konsa: -Ou nan kenbe pye Bondye fèm toujou? Joure l' byen joure, epi mouri mouri ou kont fini! Jòb di li: -Pe bouch ou la, madanm! W'ap pale tankou moun fou! Lè Bondye ban nou benediksyon, nou kontan. Atò poukisa pou nou plenyen lè li voye malè sou nou? Malgre tou sa ki te rive l', Jòb pa t' kite ankenn move pawòl soti nan bouch li pou li fè peche kont Bondye. Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouraj. Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn. Apre sa, yo chita atè a bò kot Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l'ap soufri.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.