Men sa Jòb reponn Seyè a: -Mwen konnen, Seyè, ou gen tout pouvwa. W'ap fè tou sa ou mete nan tèt ou pou ou fè. Ou mande kisa mwen ye menm pou m'ap poze keksyon sou plan travay ou, ak yon bann diskou ki pa vle di anyen. Mwen te louvri bouch mwen pale sou sa m' pa konprann, sou bèl bagay ki twò fò pou mwen. Ou te mande m' pou m' koute sa w'ap di m', pou m' pare pou m' reponn ou. Sa m' te konn sou ou a, se sa lòt moun te di m' ase. Koulye a, mwen wè ou ak je mwen. Se konsa, mwen wete tou sa mwen te di. Mwen kouche sou sann ak nan pousyè, m'ap mande padon. Lè Seyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l' konsa: -Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pa t' pale tankou Jòb, sèvitè m' lan. Atòkile, men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou deske nou pa t' pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m' lan, te fè l' la. Elifaz, moun lavil Teman an, Bildad, moun lavil Chwa a, ak Sofa, moun lavil Naama a, al fè tou sa Seyè a te di yo fè a. Seyè a fè tou sa Jòb te mande l' nan lapriyè a. Apre Jòb te fin lapriyè pou twa zanmi l' yo, Seyè a mete l' kanpe ankò. Tout zafè l' vin mache byen ankò. Lèfini, Seyè a ba li de fwa lavalè tou sa li te genyen anvan an. Tout frè ak sè l' yo ansanm ak tout ansyen zanmi l' yo vin wè li. Yo fè fèt avè l' lakay li. Yo fè l' konnen jan sa te fè kè yo mal pou li pou tout malè sa yo Seyè a te voye sou li. Yo fè l' pran kouraj. Yo chak yo fè l' kado yon pyès ajan ak yon bag lò. Apre sa, Seyè a te beni Jòb plis pase jan li te fè l' anvan an. Jòb te vin genyen katòzmil (014.000) mouton, simil (06.000) chamo, demil (02.000) tèt bèf ak mil (01000) manman bourik. Li fè sèt pitit gason ak twa pitit fi. Li rele pi gran pitit fi a Jemina, dezyèm lan Kesya, twazyèm lan Kerèn apouk. Nan tout peyi a pa t' gen pi bèl fanm pase twa pitit fi Jòb yo. Papa a te ba yo chak yon pòsyon nan byen l' yo ansanm ak frè yo. Apre sa, Jòb viv jouk li rive gen sankarantan sou tèt li. Li wè pitit pitit li yo ak pitit pitit pitit li yo, jouk rive sou kat jenerasyon. Lè li mouri, li te fin vye granmoun, li te viv kont li.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.