Lè sa a, Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa: -Manyè tande sa m' pral di nou la a, non! Tanpri, charite m' ti ankourajman sa a! Ban m' yon ti chans pou m' pale. Lè m'a fini, nou mèt pase m' nan betiz kont nou! Se pa avèk yon moun mwen annafè. Mwen gen rezon si m' pa ka tann ankò! Voye je nou gade m' byen. N'a sezi. N'a mete men nan bouch. Mwen menm, lè m' chonje sa ki rive m', m' pè. Tout kò m' pran tranble. Poukisa Bondye kite mechan yo ap viv? Li kite yo rive vye granmoun, epi tout zafè yo mache byen? Yo gen pitit ak pitit pitit. Yo wè yo ap grandi devan je yo. Bondye pa voye malè sou yo pou pini yo. Y'ap viv alèz lakay yo san ankenn danje. Wi, bèf yo kwaze san mank, yo fè pitit san pèdi pòte. Timoun yo ap kouri tankou ti mouton nan savann. Y'ap jwe, y'ap sote tankou ti kabrit. Y'ap chante, y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap danse pandan moun ap jwe fif pou yo. Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze. Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la. Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l' la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l'? Yo pretann tou sa yo genyen se kouraj yo ki ba yo l'. Yo pa t' janm mete Bondye nan koze yo. Mwen pa dakò ak jan y'ap pale a, non. Ou janm wè limyè mechan an mouri? Ou janm tande malè rive yo? On jan wè Bondye fè kolè pou l' pini malveyan yo, pou van bwote yo ale tankou zèb chèch, pou van tanpèt chase yo tankou pay pitimi? Yo pretann di Bondye va pini pitit pou peche papa yo! Poukisa se pa papa yo menm li pini pou yo ka pran leson? Se pou mechan yo te wè chatiman yo. Se yo menm ki te pou santi kòlè Bondye ki gen tout pouvwa a pa dous. Ki mele yo sa ki rive pitit yo, lè yo fin ale, lè yo fin viv tan pou yo te viv la? Men, Bondye ki jije ata zanj ki nan syèl la, ki moun ki ka moutre l' sa pou li fè? Gen moun ki pa janm malad jouk yo mouri. Jouk jou yo antre anba tè, yo kontan, yo pa gen tèt chaje. Yo gra nan tout kò yo, tout zo yo plen ak mwèl. Yon lòt menm pa janm konnen sa ki rele kè kontan. Li pase tout lavi l' nan nesesite, li mouri nan mizè. Men, lè tou de mouri, yo antere yo, vèmen kouvri kadav yo menm jan. Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a. N'ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la. Kouman? Nou pa pale ak moun ki vwayaje? Nou pa konn ki nouvèl y'ap bay? Jou Bondye ankòlè, lè l'ap pini an, se toujou mechan yo ki resi chape kò yo! Men, ki moun ki ka kanpe devan yo pou akize yo? Ki moun ki ka fè yo peye sa yo fè a? Yo fè bèl lantèman pou yo. Yo mete moun veye tonm yo. Foul moun ap swiv sèkèy yo, yon pati moun devan, yon pati moun dèyè. Menm tè a chita dous sou kadav yo. Lèfini, n'ap chache konsole m' ak yon bann pawòl san sans. Tou sa n'ap reponn mwen la a se manti.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.