Bout pou bout, Jòb louvri bouch li, li pran madichonnen jou l' te fèt la. Li di konsa: -Se pou Bondye efase jou m' te fèt la. Se pou l' efase jou lannwit m' te konmanse devlope nan vant manman m' lan. Fè jou sa a tounen fènwa, Bondye! Kote ou chita anwo a, pa janm chonje jou sa a ankò. Pa janm kite limyè solèy klere l'. Se pou fènwa anvayi jou sa a. Se pou nwaj kouvri l' nèt. Se pou lonbraj lanmò bouche l' nèt. Jou lannwit sa a, se pou fènwa pran l' pou li nèt. Se pou l' disparèt nèt nan lanne a pou yo pa janm konte l' nan almanak ankò. Se pou jou lannwit sa a fè cheve nan tèt moun kanpe, pou yo pa tande pèsonn ap ri! Se pou chòche yo bay jou lannwit sa a madichon, yo menm ki konn ki jan pou yo eksite levyatan an! Pa kite gwo zetwal devanjou a klere jou sa a. Pa janm fè bajou kase pou li, pou l' pa janm wè solèy leve. Paske li pa t' enpoze m' soti nan vant manman m', li pa t' egzante m' tout soufrans sa yo. Poukisa mwen pa t' mouri depi nan vant manman m'? Poukisa mwen pa t' tou mouri nan pasaj kite sa? Poukisa mwen te jwenn yon manman ki pran m' sou jenou li epi ki ban m' tete? Si m' te mouri, atò konsa mwen pa ta nan tout lapenn sa a. Mwen ta kouche yon kote ap dòmi ak kè poze, ansanm ak wa yo ak gwo chèf yo, ki fè bati gwo tonm pou yo nan mitan dezè. Mwen ta kouche ap dòmi ansanm ak chèf ki te gen kay yo plen lò ak ajan. Ou ankò, mwen ta tankou yon timoun ki fèt anvan tèm, tankou timoun ki fèt tou mouri. Kote yo ye anba tè a, mechan yo sispann bay kò yo mouvman. Anba tè a, sa ki bouke travay ap poze kò yo. Anba tè a, tout prizonye gen kè poze. Yo p'ap tande vwa majò prizon an nan zòrèy yo. Anba tè a, se menm bagay pou grannèg kou malere. Ata esklav pa gen mèt ankò! Poukisa, Bondye, ou kite moun ki nan mizè ap viv? Poukisa ou bay moun ki nan gwo lapenn lavi? Y'ap tann lanmò konsa. Men, lanmò pa vini! Yo ta pito lanmò pase nenpòt gwo richès! Yo pa gen kè kontan toutotan yo pa mouri, toutotan yo pa ale anba tè. Yo pa konn sa pou yo fè. Bondye sènen yo kote yo pase. Mwen pa ka manje. Se plenn m'ap plenn. M'ap soufri, dlo nan je m' tankou larivyè k'ap koule. Sa m' pè rive m' lan, se li k'ap rive m'. Sa m' pa ta vle wè a, se li ki tonbe sou mwen. Kè m' pa poze. Tèt mwen pa la. Mwen pa ka dòmi. Se soti nan ka tonbe nan ka.
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.