M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankò. Kite m' plenn sò mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kè mwen! M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fè m' konnen poukisa ou leve dèyè m' konsa. Eske ou gen rezon pou ou fè m' tou sa w'ap fè m' lan, pou ou meprize sa ou fè ak men ou, pou ou ri lè mechan yo ap fè konfyolo yo? Eske ou wè sa k'ap fèt sou latè tankou nou menm moun nou wè l' la? Lavi ou pa tankou lavi pa nou. Nou gen pou nou mouri, ou menm w'ap toujou la. W'ap chache dènye ti peche moun fè. Ou dèyè pou ou konnen tou sa mwen fè ki mal. Ou konnen m' pa antò. Pa gen moun ki ka sove m' anba men ou! Se ak men ou ou te fè m'. Se avè l' ou te ban m' fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m' ankò? Chonje se ou menm ki fè m' ak labou tè wouj. Koulye a, ou pral kraze m' fè m' tounen pousyè? Se ou menm ki bay papa m' fòs pou li fè m'. Ou fè m' devlope nan vant manman mwen. Ou fè tout zo ak tout venn nan kò m'. Ou kouvri yo ak vyann epi ak po. Lèfini, ou fè m' kado lavi. Ou veye avèk prekosyon pou m' pa mouri. Men, ou te gen yon lòt lide dèyè tèt ou. Koulye a, mwen konnen ou te pare yon lòt bagay pou mwen. Ou t'ap veye m' pou wè si m' t'ap fè sa m' pa t' dwe fè. Ou pa t'ap kite anyen pase pou mwen. Si m' antò, zafè m' pa bon! Mwen te mèt inonsan, m' pa ka leve tèt devan ou. Mwen wont, se yon pòv malere mwen ye devan ou. Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn. Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankòlè. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt. Bondye, poukisa ou te kite m' soti nan vant manman m'? Mwen ta mouri anvan pesonn ta wè m'. Soti nan vant, ale nan simityè, se tankou si m' pa t' janm fèt. Mwen pa rete lontan pou m' viv ankò. Kite m' pou kont mwen! Ban m' yon ti kanpo. Kite m' jwi de twa jou ki rete m' yo non! Talè konsa mwen prale pou m' pa janm tounen. Mwen prale nan peyi kote ki fè nwa a, kote moun pè a, nan peyi kote se fènwa ak dezòd ase ki gen toutan, kote menm gwo lajounen fè nwa tankou lannwit!
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.