Souf mwen prèt pou koupe. Mwen pa lwen mouri. Se pou simityè ase mwen bon. Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi. Ou mèt kwè m', Bondye! Se ou menm ankò ki pou bay garanti pou mwen. M' pa gen pesonn lòt ki ka tope ak yo. Ou fèmen lespri yo pou yo pa konprann. Pa kite yo gen rezon sou mwen. Pawòl la di: Yon moun ap fè gwo fèt pou zanmi l', epi pitit li yo ap mouri grangou anndan lakay li. Yo fè koze sou mwen nan pèp la. Yo vin krache nan figi m'! Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè! Moun k'ap mache dwat yo sezi lè yo wè sa. Inonsan yo fin debòde sou mechan an ki vire do bay Bondye. Moun k'ap mennen yon vi dwat, se yo ki gen rezon. Sa ki pa mete men yo nan ankenn move zafè kanpe pi rèd sou pozisyon yo. Nou tout mèt vin kanpe devan m', mwen p'ap jwenn yonn ladan nou ki gen bon konprann. Mwen fin viv! Tout plan m' te gen nan tèt mwen kraze. Mwen pa gen ankenn espwa ankò. Yo pretann lannwit se lajounen. Lè fènwa, yo di limyè a pa lwen. Se lanmò m'ap tann. Se al kouche nan simityè ki sèl espwa m'. Mwen di tonm lan ou se papa m'. Mwen di vèmen ki pral manje m' yo: nou se manman m' ak sè m'. Kote ki gen espwa pou mwen ankò? Ki moun ki wè yon bon lavi pou mwen ankò? Lè m'a mouri, lè m'a fin desann nan peyi kote mò yo ye a, èske m'a ka pote espwa m' yo ansanm avè m'?
FIND YOUR PASSAGE
Search the Scriptures

A LIBRARY TO EXPLORE
A moment.
A passage.
A new perspective.
Read the Bible, discover the Apocrypha, and explore early Christian writings.
About this collection
This library includes complete Bibles, portions, historical variants, Apocrypha, and separately labeled early writings. Different traditions recognize different canons. Manuscript gaps and editorial reconstructions retain their source labels.
Source records assess public-domain status in the United States. Rights can differ by territory, including King James Version conditions in the United Kingdom. Read the source and rights record for each edition.
YOUR READING LIFE
Saved passages
Saved on this browser. Export a copy to keep your notes when changing devices or clearing browser data.
MAKE ROOM TO READ
Your reading space
Appearance
Reading
Listen
Offline reading
Keep an edition on this device for reading and searching while disconnected. Installed voices can read it aloud. Browser background playback varies by device.
Your privacy
Reading preferences, progress, bookmarks, highlights and notes stay in this browser using functional storage. Online reading and search send the requested edition, passage or query to the server. Prepared narration requests identify the edition, book and chapter. Ordinary hosting access and security logs can include IP addresses, requested URLs, times and basic client information. The website is free, account-free and analytics-free.